Skip Global navigation and goto content

It's a New Day in Public Health.

The Florida Department of Health works to protect, promote, and improve the health of all people in Florida through integrated state, county, and community efforts.

Skip MegaMenu and goto content
Megamenu requires javascript to be enabled in your browser.

Bagay pou pote nan vizit pou sètifikasyon WIC lan

Contact the Florida WIC Program

  •  1-800-342-3556
  •  

    Fax

    850-922-3936
  •  

    Mailing Address

    Bureau of WIC Program Services 

    4052 Bald Cypress Way, Bin A16 

    Tallahassee FL 32399 

English | Español | Kreyòl

Sa ki nesese nan randevou setifikasyon WIC ou a:

  • Lè sa nesesè, mennen chak fanm, tibebe, ak timoun k ap aplike pou WIC.
  • Prèv TOUT revni pou chak moun nan kay la (montan anvan yo retire taks ak dediksyon). Revni enkli bagay tankou: salè, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou granmoun, pèman pou timoun ki nan mezon dakèy, enterè ou retire, konpansasyon pou chomaj, ak revni sèvis militè.
    • Prèv revni an dwe tout kòb ou fè pandan 28-31 dènye jou yo. Si yo peye chak semèn, bay 4 souch peman. Si yo peye chak de (2) semèn oswa chak 15 jou, bay 2 souch peman. Si montan an pa chanje pou chak peryòd peman, yon sèl souch peman akseptab.
    • Si w resevwa Medicaid, asistans lajan kach tanporè (Temporary Cash Assistance—TCA), oswa Asistans Manje (Food Assistance— SNAP), revni ou fè ki fè w elijib pou WIC.
  • Vini ak YON prèv adrès ou. Prèv yo aksepte enkli bil kouran, dlo, deklarasyon labank ak asirans, oswa lisans pou kondwi. Fòk ou abite nan Florid kounye a, men li pa nesesè pou se yon sitwayen ameriken.
  • YON prèv idantifikasyon pou ou ak YON prèv idantifikasyon pou nenpòt tibebe oswa timoun k ap aplike pou WIC, tankou ak nesans, lisans pou kondwi, kat yo te mete nan bèso l lè l te fèk fèt, idantifikasyon sèvis militè, idantifikasyon ki gen foto, kat sekirite sosyal, oswa dosye lopital.
  • Yon Fòm referans medikal WIC ranpli pou chak fanm, tibebe, oswa timoun k ap aplike, si sa disponib.
  • Nimewo Sekirite Sosyal pou chak moun k ap aplike pou WIC, si sa disponib.
  • Dosye vaksinasyon pou chak timoun, si sa disponib.