It's a New Day in Public Health.
The Florida Department of Health works to protect, promote, and improve the health of all people in Florida through integrated state, county, and community efforts.
Enfòmasyon sou elijibilite pou WIC
Contact the Florida WIC Program
- 1-800-342-3556
-
Fax
850-922-3936 -
Mailing Address
Bureau of WIC Program Services
4052 Bald Cypress Way, Bin A16
Tallahassee FL 32399
WIC se yon pwogram nitrisyon pou fanm ki ansent oswa k ap bay tete oswa ki fèk ansent, tibebe ak timoun ki poko gen 5 an.
WIC bay bagay sa yo gratis:
- Manje ki bon pou lasante
- Edikasyon ak konsèy sou nitrisyon
- Sipè pou bay tete
- Referans pou swen medikal, vaksen ak sèvis nan kominote a
Pou elijib pou WIC selon revni:
Revni total tout moun nan kay la dwe egal a montan ki nan règleman pou revni WIC lan oswa li dwe mwens OSWA ou ka elijib selon revni w si w ap resevwa Medicaid, asistans lajan kach tanporè (temporary cash assistance-TCA), oswa asistans manje (food assistance). Men ou pa bezwen nan pwogram pou asistans piblik pou kalifye pou WIC.
Règleman pou Revni WIC
Pou yon fanm ki ansent, chak tibebe ki poko fèt konte pou yon moun anplis nan kantite moun ki nan kay la.
Kantite moun ki nan kay la | *Kalifikasyon pou WIC dapre revni Baze sou Entèval Revni yo | ||||
---|---|---|---|---|---|
Anyèl | Chak mwa | De fwa pa mwa | Chak de semèn | Chak semèn | |
1 | $28,953 | $2,413 | $1,207 | $1,114 | $557 |
2 | $39,128 | $3,261 | $1,631 | $1,505 | $753 |
3 | $49,303 | $4,109 | $2,055 | $1,897 | $949 |
4 | $59,478 | $4,957 | $2,479 | $2,288 | $1,144 |
5 | $69,653 | $5,805 | $2,903 | $2,679 | $1,340 |
6 | $79,828 | $6,653 | $3,327 | $3,071 | $1,536 |
7 | $90,003 | $7,501 | $3,751 | $3,462 | $1,731 |
8 | $100,178 | $8,349 | $4,175 | $3,853 | $1,927 |
Si ou gen plis pase uit moun lakay ou, tanpri kontakte biwo lokal WIC ou a. |
*Remak: Salè brit yo (anvan taks ak dediksyon) sou souch chèk peman ou yo baze sou chak kilè yo peye ou (entèval revni) ansanm ak kantite moun nan kay la ap gen pou yo mwenske oswa egal a montan ki nan tablo a pou ou kalifye pou WIC baze sou revni.
Revize 6/19/2025
Chak ane montan sa yo ka ogmante.
Pou aplike pou WIC
Rele biwo lokal WIC (klike isit) ou an oswa rele nan nimewo gratis sa a 800-342-3556 epi di ou vle aplike pou WIC.
Biwo lokal WIC la pral baw yon dat ak lè pou yon vizit pou sètifikasyon WIC. Nan vizit sa a, yo pral egzamine revni fanmi an, estati medikal/nitrisyon chak kandida. Nan jou sa a, ou pral konnen si oumenm ak timoun ou yo elijib pou pwogram WIC lan.
Connect with DOH