Skip Global navigation and goto content

It's a New Day in Public Health.

The Florida Department of Health works to protect, promote, and improve the health of all people in Florida through integrated state, county, and community efforts.

Skip MegaMenu and goto content
Megamenu requires javascript to be enabled in your browser.

Kesyon yo Poze Souvan

Contact the Florida WIC Program

  •  1-800-342-3556
  •  

    Fax

    850-922-3936
  •  

    Mailing Address

    Bureau of WIC Program Services 

    4052 Bald Cypress Way, Bin A16 

    Tallahassee FL 32399 

English | Español | Kreyòl

Remak: Paj sa a gen dokiman nan Fòma Dokiman Pòtab (Portable Document Format, PDF). Ou ka bezwen Adobe Reader, ki gratis, pou gade dosye sa yo.

1. Kisa WIC ye?

WIC se yon pwogram nitrisyon pou Fanm, Tibebe ak Timoun Piti ki resevwa finansman leta federal la epi ki bay bagay sa yo gratis: manje ki bon pou lasante, edikasyon sou nitrisyon ak konsèy, sipò ak alètman, ak referans pou swen sante.

Top of Section

2. Kimoun ki kalifye pou pwogram sa a?

Fanm ansent ak fanm k ap bay tete, fanm ki fenk ansent, tibebe ak timoun ki poko gen 5 lane ki gen yon revni ba oswa modere, ki gen risk nan nitrisyon, epi k ap viv nan Florida. Yo konsidere yon moun kalifye pou WIC selon revni li si revni kay la mwens pase oswa egal a sa yo ki sou Gid Revni WIC la oswa si moun nan ap resevwa Medicaid, Asistans Lajan Kach Tanporè (Temporary Cash Assistance, TCA) oswa Asistans ak Manje nan moman an. Sepandan, yon moun pa oblije nan yon pwogram asistans piblik pou kalifye pou WIC. Pou w ka gade Gid Revni WIC la, klike la a.

Top of Section

3. Kisa yon "risk nitrisyon" ye?

Yon moun gen yon risk nitrisyon lè li gen pwoblèm tankou li pa peze ase, li peze twòp, pwa li te ba lè li te fèt, nivo emoglobin ak ematokrit li ba, li te fèt prematire oswa li gen maladi kwonik yon nitrisyonis detèmine nan biwo WIC lokal la. Manm pèsonèl nitrisyon nan klinik lokal ou a pral detèmine si yo te konsidere ou menm oswa pitit ou a gen risk nitrisyon selon règ WIC yo.

Top of Section

4. Kikote WIC disponib?

WIC nan tout 67 Konte nan Florida yo. Pou chèche konnen kikote WIC ye nan Konte kote ou abite a, klike la.

Top of Section

5. Kikote mwen ka itilize kat EBT WIC yo?

Sèvi ak kat EBT WIC ou sèlman nan magazen WIC apwouve nan Florida. Mande biwo lokal WIC ou a pou non ak adrès magazen ki apwouve nan zòn ou an.

Top of Section

6. Èske mwen dwe achte chak bagay sou kat EBT a nan menm jou a?

Ou pa oblije achte tout manje ou yon sèl fwa. Achte sa ou bezwen. Ou ka achte kantite manje ki endike nan lis makèt EBT WIC a. Ou pa gen dwa ranplase okenn manje.

Top of Section

7. Kisa k ap pase si mwen pa achte tout manje WIC yo?

Èske avantaj sa yo ap transfere nan pwochen mwa a? Non, avantaj ou pa itilize yo pral ekspire nan dat ekspirasyon an.

Top of Section

8. Èske mwen ka itilize kat EBT WIC Florid a nan yon lòt Eta?

Non, ou ka itilize kat EBT WIC ou a sèlman nan magazen ki apwouve nan Florid. Mande biwo lokal WIC ou a pou non ak adrès magazen ki apwouve nan zòn ou an. Di biwo lokal WIC ou a si w ap demenaje nan yon lòt Eta. Pran kat WIC VOC / ID ou avèk ou lè w ap demanaje.

Top of Section

9. Kisa mwen ta dwe fè si yo vòlè kat EBT mwen an?

Rele Sèvis Kliyan nan 1.866.629.1095 pou anile kat ou a. Ou pral bezwen non reprezantan otorize a, dat nesans li, ak kòd postal li pou anile kat la. Apre ou fin di yo te vòlè kat ou a, ou pa ka itilize kat la ankò menmsi yo remèt ou li apre. Ou pral bezwen rele biwo WIC ou a epi pase nan biwo a pou jwenn yon kat ranplasman.

Top of Section

10. Kisa mwen ta dwe fè si kat EBT mwen an pèdi?

Ou pral bezwen rele biwo WIC ou a epi pase nan biwo a pou jwenn yon kat ranplasman. Ou p ap ka itilize kat la ankò menm si ou jwenn li pita.

Top of Section

11. E si mwen antre yon move PIN?

Si PIN ou mete a pa bon yon twazyèm fwa, y ap bloke PIN ou a pou evite yon moun eseye devinen PIN ou epi pran avantaj manje ou yo. Ou ka rele Florida WIC nan 1.800.342.3556 (Lendi-Vandredi 8am-5pm Lè lès) pou debloke kont ou. Si ou pa kapab rele FL WIC nan lè nòmal travay, kont ou pral debloke otomatikman aprè minwi. Apre sa, ou pral jwenn yon sèl chans pou eseye antre PIN ou kòrèkteman. Si yo bloke ou ankò, rele Sèvis Kliyan nan 1.866.629.1095.

Top of Section

12. Kisa mwen ta dwe fè si yon moun konnen PIN mwen an?

Si se yon moun ki pa sipoze gen PIN ou, rele Sèvis Kliyan imedyatman nan 1.866.629.1095 epi chanje PIN ou.

Top of Section

13. Kijan mwen pral resevwa avantaj avèk kat EBT WIC mwen an?

Ou pral jwenn yon lis makèt nan biwo WIC ou a ki bay yon lis avantaj manje chak mwa ou yo. Yo pral mete avantaj manje pou chak patisipan WIC nan yon kont EBT WIC pou kay ou. Avantaj sa yo ap disponib nan kont kay ou nan dat kòmansman ou pou chak mwa. Chak fwa ou achte ak kat EBT WIC ou a, y ap retire bagay sa yo nan balans ki disponib pou kont kay ou a. Aplikasyon mobil WIC Florida a pèmèt ou wè avantaj manje ou yo. Epitou li pral montre dat kòmansman ak dat fen avantaj ou yo. Ou ka telechaje Florida WIC Mobile App la sou telefòn entelijan Apple oswa Android ou lè ou al gade nan App Store oswa Google Play Store. Klike la a pou ou aprann plis sou Aplikasyon mobil WIC Florida.

Top of Section

14. Kilè mwen pral jwenn avantaj mwen yo?

Avantaj yo ap sou kont manje ou a minwi nan dat kòmansman an epi y ap ekspire a minwi nan dat fen an. Aplikasyon mobil WIC Florida a pèmèt ou wè dat kòmansman ak dat fen avantaj ou yo. Ou ka telechaje Florida WIC Mobile App la sou telefòn entelijan Apple oswa Android ou lè ou al gade nan App Store oswa Google Play Store. Klike la a pou ou aprann plis sou Aplikasyon mobil WIC Florida a.

Top of Section

15. Kijan m ap fè konnen balans kont manje mwen an?

Apre chak acha, resi a ap montre balans manje ki rete ak dat ekspirasyon an, donk fason ki pi fasil pou w konnen balans kont ou se kenbe resi ou. Si ou pa gen dènye resi ou a, rele Sèvis Kliyan nan 1.866.629.1095 oswa ale sou sitwèb EBT WIC a nan www.FloridaWIC.org oswa nan yon machin Pwen Vant (Point-of-Sale, POS) EBT WIC pou jwenn balans ou. Ou ta dwe toujou tcheke kantite manje apwouve ki rete anvan ou achte. Aplikasyon mobil WIC Florida a pèmèt ou wè avantaj manje ou yo. Epitou li pral montre dat kòmansman ak dat fen avantaj ou yo. Ou ka telechaje Florida WIC Mobile App la sou telefòn entelijan Apple oswa Android ou lè ou al gade nan App Store oswa Google Play Store. Klike la a pou ou aprann plis sou Aplikasyon mobil WIC Florida.

Top of Section

16. E si kat mwen an pa travay?

Rele Sèvis Kliyan nan 1.866.629.1095.

Top of Section

17. Kisa mwen ta dwe fè avèk kat mwen an apre mwen fin itilize avantaj mwen yo?

KENBE kat EBT WIC ou! Menm lè ou achte tout manje WIC ou yo, ou ka re-itilize kat la. Ou pral itilize menm kat EBT WIC a pou achte nan avantaj mwa ki vini apre a.

Top of Section

18. Èske mwen kapab itilize koupon magazen oswa fabrikan avèk kat EBT WIC a?

Wi. Kesye yo dwe aksepte tout pwomosyon magazen oswa fabrikan tankou jwenn youn gratis lè ou achte youn; jwenn youn nan yon pri redui lè ou achte youn; lè fabrikan a ajoute ons gratis; koupon fabrikan a ki retire santim sou pri a ak kat ekonomi magazen an oswa kat rekonpans kliyan lè kliyan WIC la prezante li.

Top of Section

19. Lè WIC pa bay ase fòmil pou tibebe, èske kliyan WIC la kapab resevwa plis fòmil nan WIC?

Malerezman, WIC ka sèlman bay kantite fòmil pou tibebe ki nan lis makèt ou a. WIC se yon pwogram "siplemantè" epi li pa te janm gen entansyon satisfè tout bezwen nitrisyon yon kliyan. Kliyan ki bezwen plis fòmil epi ki pa ka peye achte yo ta dwe tcheke avèk biwo lokal WIC yo pou wè si gen yon bank alimantè oswa yon lòt kote nan kominote a ki ka ede.

Top of Section

20. Kimoun ki ka itilize avantaj WIC nan magazen an?

Yon kliyan WIC ki se reprezantan otorize a ka chwazi yon moun kòm yon mandatè ak yon moun kòm dezyèm moun k ap bay swen. Yon mandatè ka ale nan klinik WIC la pou yo mete manje WIC sou kat la ak pou ale nan magazen an pou achte manje WIC. Yon mandatè dwe gen 16 lane oswa plis epi nou t ap prefere pou li abite nan menm kay ak kliyan an. Yon dezyèm moun k ap bay swen ka ale nan klinik WIC la pou yo mete manje WIC sou kat la ak pou ale nan magazen an pou achte manje WIC, epi mennen timoun nan pou yon re-konfimasyon tou. Yon dezyèm moun k ap bay swen ka yon paran ki swa ap viv oswa ki p ap nan menm kay ak timoun nan oswa ki ka yon lòt adilt (18 ane oswa plis) ki abite nan menm kay ak timoun nan. Dezyèm moun k ap bay swen an dwe pataje responsabilite prensipal pou swen, sante, ak byennèt timoun nan.

Top of Section

21. Kijan yon kliyan WIC ak kesye magazen an ap konnen ki kalite ak mak manje li gen dwa achte ak kat EBT WIC la?

Tiliv Manje WIC Florida (The Florida WIC Foods pamphlet) gen deskripsyon ak foto manje WIC Florida apwouve yo. Epitou, kalite ak mak manje yo pèmèt moun achte ak kat EBT WIC yo pwograme nan sistèm kès magazen an. Aplikasyon mobil WIC Florida a genye yon eskanè kòd bar ki pèmèt ou eskane atik yo pou detèmine si WIC Florid pèmèt yo. Ou ka telechaje Florida WIC Mobile App la sou telefòn entelijan Apple oswa Android ou lè ou al gade nan App Store oswa Google Play Store. Klike la a pou ou aprann plis sou Aplikasyon mobil WIC Florida a. Si ou gen kesyon sou manje ki apwouve yo, tanpri kontakte biwo lokal WIC oswa biwo WIC Eta a nan 1-800-342-3556.

Top of Section