Skip Global navigation and goto content

It's a New Day in Public Health.

The Florida Department of Health works to protect, promote, and improve the health of all people in Florida through integrated state, county, and community efforts.

Skip MegaMenu and goto content
Megamenu requires javascript to be enabled in your browser.

Enfòmasyon sou elijibilite pou WIC

Contact the Florida WIC Program

  •  1-800-342-3556
  •  

    Fax

    850-922-3936
  •  

    Mailing Address

    Bureau of WIC Program Services 

    4052 Bald Cypress Way, Bin A16 

    Tallahassee FL 32399 

English | Español | Kreyòl

WIC se yon pwogram nitrisyon pou fanm ki ansent oswa k ap bay tete oswa ki fèk ansent, tibebe ak timoun ki poko gen 5 an.

WIC bay bagay sa yo gratis:

  • Manje ki bon pou lasante
  • Edikasyon ak konsèy sou nitrisyon
  • Sipè pou bay tete
  • Referans pou swen medikal, vaksen ak sèvis nan kominote a

Pou elijib pou WIC selon revni

Revni total tout moun nan kay la dwe egal a montan ki nan règleman pou revni WIC lan oswa li dwe mwens OSWA ou ka elijib selon revni w si w ap resevwa Medicaid, Asistans Lajan Kach Tanporè (Temporary Cash Assistance-TCA), oswa Asistans Manje (Food Assistance). Men ou pa bezwen nan pwogram pou asistans piblik pou kalifye pou WIC.

Règleman pou Revni WIC

Pou yon fanm ki ansent, chak tibebe ki poko fèt konte pou yon moun anplis nan kantite moun ki nan kay la.

Kantite moun ki nan kay la*Kalifikasyon pou WIC dapre revni Baze sou Entèval Revni yo
AnyèlChak mwaDe fwa pa mwaChak de semènChak semèn
1$26,973$2,248$1,124$1,038$519
2$36,482$3,041$1,521$1,404$702
3$45,991$3,833$1,917$1,769$885
4$55,500$4,625$2,313$2,135$1,068
5$65,009$5,418$2,709$2,501$1,251
6$74,518$6,210$3,105$2,867$1,434
7$84,027$7,003$3,502$3,232$1,616
8$93,536$7,795$3,898$3,598$1,799
Si ou gen plis pase uit moun lakay ou, tanpri kontakte biwo lokal WIC ou a.

*Remak: Salè brit yo (anvan taks ak dediksyon) sou souch chèk peman ou yo baze sou chak kilè yo peye ou (entèval revni) ansanm ak kantite moun nan kay la ap gen pou yo mwenske oswa egal a montan ki nan tablo a pou ou kalifye pou WIC baze sou revni.

Revize 6/23/2023

Chak ane montan sa yo ka ogmante.

Pou aplike pou WIC:

  • Rele biwo lokal WIC (klike isit) ou an oswa rele nan nimewo gratis sa a 1-800-342-3556 epi di ou vle aplike pou WIC.
  • Biwo lokal WIC la pral baw yon dat ak lè pou yon vizit pou sètifikasyon WIC. Nan vizit sa a, yo pral egzamine revni fanmi an, estati medikal/nitrisyon chak kandida. Nan jou sa a, ou pral konnen si oumenm ak timoun ou yo elijib pou pwogram WIC lan.

Bagay pou pote nan vizit pou sètifikasyon WIC lan:

  • Vini avèk CHAK manm fanmi an k ap fè aplikasyon pou resevwa sèvis WIC.
  • Pote TOUT prèv revni pou tout moun ki nan kay la (montan anvan yo retire taks ak dediksyon). Revni enkli bagay tankou: salè, pansyon alimantè pou timoun, pansyon alimantè pou granmoun, pèman pou timoun ki nan mezon dakèy, enterè ou retire, konpansasyon pou chomaj, ak revni sèvis militè; prèv revni an dwe tout kòb ou fè pandan 30 dènye jou yo. Vèsyon elektwonik ki akseptab pou etadkont labank, chèk peman/ souch chèk, ak alokasyon choma. Remak: Nou pa aksepte foto dokiman kòm dokiman prèv elektwonik. Si se chak semèn yo peye ou, pote 4 chèk peman /souch chèk; si se chak mwa yo peye ou, pote yon sèl chèk peman /souch chèk; si se chak 2 semèn yo peye ou, pote 2 chèk peman /souch chèk; oswa, si w resevwa Medicaid, asistans lajan kach tanporè (Temporary Cash Assistance-TCA), oswa asistans manje (Food Assistance), revni ou fè ki fè w elijib pou WIC. (Si w pap resevwa Medicaid oswa TCA, men lèt manm nan fanmi w ap resevwa benefis sa yo, revni w ka elijib pou WIC.) Pèsonèl WIC la ka verifye enskripsyon w nan pwogram sa yo. Men li ta bon pou ta pote lèt "Notice of Case Action" w lan, ki se prèv elijiblite pou youn oswa plis nan pwogram sa yo.
  • Pote YON prèv pou kote w abite a (piga bay bwat postal). Dokiman an dwe ajou epi li dwe montre non w ak adrès ou. Prèv yo aksepte enkli bil kouran, dlo, deklarasyon labank ak asirans, oswa lisans pou kondwi. Fèk ou abite nan Florid kounye a, men li pa nesesè pou se yon sitwayen ameriken. Vèsyon elektwonik ki akseptab pou etadkont labank, chèk peman/ souch chèk, ak alokasyon choma ak bòdwo sèvis (kouran elektrik, dlo, telefòn, elatriye.). Remak: Nou pa aksepte foto dokiman kòm dokiman prèv elektwonik.
  • Pote YON prèv idantifikasyon pou ou ak YON prèv idantifikasyon pou tout tibebe oswa timoun k ap aplike pou WIC, tankou ak nesans, lisans pou kondwi, kat yo te mete nan bèso l lè l te fèk fèt, idantifikasyon sèvis militè, idantifikasyon ki gen foto, kat sekirite sosyal, oswa dosye lopital. Vèsyon elektwonik ki akseptab pou chèk peman/ souch chèk, ak alokasyon choma. Remak: Nou pa aksepte foto dokiman kòm dokiman prèv elektwonik.
  • Si doktè-w te ranpli Fòm Referans Medikal WIC la, mache ak fòm sa a nan randevou-w la.
  • Pote nimewo sekirite sosyal pou chak moun k ap aplike pou WIC, si sa disponib.
  • Pote dosye vaksen pou chak timoun, si sa disponib.